AKTIVITE REGILYE

Dezyem Endepandans se mouvman sosyo-politik. Nou bay manm nou yo opòtinite pou yo grandi nan ideyoloji a, pou eksprime yo sou plizyè fòm ak kontribye nan avansman mouvman an.

Nou gen aktivite vityèl ak aktivite k ap fèt sou teren an. 

Tim TIM/BWA CHÈCH

Chak Dimanch ONLINE

Chak dimanch ou ka jwenn yon chans genye jiska 3.000 Goud nan pwogram sivik MB pou edikasyon nou an. Pou w kalifye, ou bezwen swiv nou sou YouTube epi fè pati gwoup Zanmi Dezyem Endepandans nou an sou facebook.

Club Dezyem

19-08-2021

Club Dezyem se yon platfòm dinamik ak enklizif ki ofri opòtinite eksepsyonèl pou nouvo patriyòt yo patisipe aktivman nan syans imanitè yo pandan y ap resevwa edikasyon sivik konplè.

Watch Party

PANDAN LIVE FACEBOOK (Delmas, Hinche, Gonaives)

Pandan Facebook Live nou an chak mwa, nouvo patriyòt yo òganize Watch Party nan pwen reyinyon lokal yo, kote yo gade Live la ansanm pandan y ap pataje yon repa.

Nwit anba Zetwal

Hinche, Plato Santral

Sware fim rive yon fwa pa mwa. Nouvo Patriyòt yo rankontre pou gade yon fim, anjeneral yon dokimantè, epi yo gen opòtinite pou diskite ak pataje yon kolasyon.

Mwen se yon patriyòt enkoni. Men, mwen se yon ewo modèn ki nan ze. M ap louvri wout la pou lòt yo, pou yo menm yo ka kontinye. Mwen tou-nèf, paske jodia, m ap pran kouray mwen an men. M ap oze vinn yon moun!
Monològ yon Patriyòt Enkoni

KONKOU EDIKASYON SIVIK:

Konkou sa te vize jwenn yon slogan ki mache ak ideyoloji Dezyem Endepandans lan. Nou bay yon computer ak 50.000 Goud. 

Evenèman Pase

Drapo se fyète n- Konferans nan bibliyotèk vil Akayè, sou enpòtans ak valè senbolik Drapo a

Plis Enfo

AYITI PAP PERI

Jèn patriyòt yo rankontre nan hinche pou selebre eritaj kiltirèl yo e pou sonnen lanbi Dezyem Endepandans lan.

NAN DEZYEM NAN. AK DEZYEM NAN. POU DEZYEM NAN. 

Our latest and best photos

We love to take pictures and show them to the world.

Manifestasyon Leipzig

Club Dezyem
Klèsin

Watch Party
Delmas

Club Dezyem, 
Hinche

Live Rele Tousen, 
Online

Club Dezyem,
Hinche

Club Dezyem, 
Archaie

Rankont ak travayè

Konkou Slogan Dezyem Endepandans

Club Dezyem

Club Dezyem

Watch Party