KONKOU SLOGAN

Gen an totalite 71 moun ki enskri nan KONKOU KREYATIVITE SLOGAN. Yo sòti nan 8 Depatman ak nan 27 Komin.

Men kèk nan kandida yo! KLIKE SOU FOTO POU W TANDE SLOGAN YO PWOPOZE A.

Floreus Riphard
(Okap, Nò)

Daphline Belleus
(Gantye, Wès)

Jamesley Pierre
(Pòdepè, Nòwès)

Paul Habacuc
(Pòtoprens, Wès)

Jasaï Merzy,
(Les Anglais /Deboche, Sid)

Jean Emilio (CHAMPYON KONKOU SLOGAN DEZYEM ENDEPANDANS.
Kay-Jakmèl, Sid

Mezack Metied,
(Mibalè, Plato Santal)

Rony Petit
(Tòbèk, Sid)

Yoobensly SAINT FLEUR,
Ench (Wode 4yèm Seksyon), Plato Santral

KONKOU SLOGAN

Gen an totalite 71 moun ki enskri nan KONKOU KREYATIVITE SLOGAN. Yo sòti nan 8 Depatman ak nan 27 Komin.

Men kèk nan kandida yo! KLIKE SOU FOTO POU W TANDE SLOGAN YO PWOPOZE A.

Wathson Sera
Delmas, Wès

Jean Richadson Athelus
Senlwidinò, Nòdwès

Jeudy Jean Baptiste
Okay, Sid

KONKOU SLOGAN

Gen an totalite 71 moun ki enskri nan KONKOU KREYATIVITE SLOGAN. Yo sòti nan 8 Depatman ak nan 27 Komin.

Men kèk nan kandida yo! KLIKE SOU FOTO POU W TANDE SLOGAN YO PWOPOZE A. 

Djoudley Cassy
(Ènri/ Latibonit)

Segile Laroque
(Okay, Sid)

Elfagete Samuel
(Tab, Wès)

Alynx PIERRE,
(Katye-Moren, Nò) 

Forestal Johnley (Pòdepè, Nòwès)

Jinna R.Landy Hérisse
(Pòtoprens, Wès)

Shelton Pierre, (Mamelad, Nò)

Estimé Rubens James
(Akyè, Wès)

Sandley ST LOUIS
(Plèn di Nò, Nò)

KONKOU KREYATIVITE SLOGAN

YON EGZÈSIS DEMOKRATIK ANLIY

POUKISA YON KONKOU SLOGAN?

Mouvman Dezyem Endepandans lan koumanse kòm yon eksperyans demokratik sou entènèt,: yon pwosesis ki gon apwòch patisipatif kòm baz dAksyon. Sa vle di: se moun yo ki kreye naratif debaz Dezyem Endepandans lan, moso pa ti mose. Se resous moun ki nan Dezyem nan, lide yo, aksyon k ap fè mouvman mache. Nou pwize nan kwayans popilè, nòm ak valè, nou rive jwenn gras ak obsèvasyon solid, dyalòg sou entènèt, diskisyon, ak sondaj. Nou pakage Kwayans sa yo  kòm "panye ideolojik" pou fasillite akseptans yo bò kote piblik la. Panye ideyolojik sa yo, se de seri de lide byen òdone, seri lide fezab - ki envite moun nan patisipe aktivman nan nan chanjman Kominote kote l ap viv la, epi peyi a..

Yon slogan - yon deviz rasanbleman - se yon moso trè enpòtan nan gwo panye ideolojik sa nou rele Dezyem Endepandans. Se poutèt sa nou akeyi opinyon piblik la, patisipan yo, manm jiry yo nan pwosesis online sa, ki se KONKOU KREYATIVITE SLOGAN DEZYEM NAN.

KREYATIVITE PLUS

Nan lide pou kreye dinamik nan Konkou an, nou pote yon aktivite pou ou ki se Kreyativite + . Anndan aktivite sila, li gen yon seri plan Bonis pou kandida yo k'ap ankouraje travay Dezyem endepandans lan grandi ak pou fasilite patisipasyon aktif kandida yo nan semi final k'ap fèt live sou facebook 23 oktòb 2022 an,men sa li gen ladann kòm panye aktivite.

Kijan n ap konte vòt yo?

Konkou Kreyativite

Dezyem Endepandans ap chèche yon slogan ki mache ak ideyoloji li a. 50.000 Goud plis yon Computer.

Enskri non W!

Kesyon moun toujou ap poze!

Kisa ki Dezyem Endepandans lan?

Dezyem Endepandans lan se yon mouvman Ideyolojik k’ap devlope ki lye ak politik pou nouvèl Ayiti an. Li revyen a ou menm pou defini kisa Dezyem Endepandans lan ye pou ou. Si nou paka di w kisa li ye, nou ka ba w kalifikatif li.

Dezyem Endepandans lan son mouvans sosyal e politik ki PATISIPATIF, e ki ENTENASYONAL. Mouvans lan reyini Ayisyen tout kote nan dyaspora ak an Ayiti. Gras ak Teknoloji Entènèt yo, Asyisyen nan tout mond lan kapab fè tèt-ansanm, pou fè travay sila nan konekte a distans. Se pou sa nou di Dezyem Endepandans se eksperyans demokratik online. Ideyoloji se yon fason moun konprann bagay yo. Ideyoloji a andojèn.

Se MANM ak Senpatizan mouvman ki Defini prensipid ideyolojik ak direksyon mouvman an. Yo tout soti Ayiti. Sa ke nou pa ka di de divès lot ideyoloji ak mouvman sosyo-ekonomi, politik - tankou Maxism-Lenism, Communis, Capitalis, Maoism, elt. KONKOU SLOGAN rantre nan dinamik patisipatif e ANDOJÈN mouvman Dezyem Endepandans lan.

Kisa ki Konkou Kreyativite Slogan an?

Konkou Kreyativite Slogan an, se yon pwojè ki soti anndan komite santral Dezyem Endepandans lan nan objektif pou jwenn yon bèl Slogan ki reflete Ideyoloji mouvman Dezyem lan. Konkou sila ap dewoule sou Entènèt epi sible Ayisyen k’ap viv an Ayiti sèlman k’ap itilize rezo sosyo tankou ( Facebook – Twitter – TikTok ) ki nan tranch laj ant 16 a 40 lane.

Kijan pou yon moun patisipe?

Pou w patisipe : Ou dwe ranpli fomilè anliy lan Fòmilè Enskripsyon - Renmen, abone ak paj Dezyem Endepandans yo www.endepandans.com / Twitter: @Dezyem / www.facebook.com/2zyem / YouTube: Dezyem Endepandans - Fè yon videyo kote’w prezante Slogan w lan ak eksplike l’ k’ap dire pa plis ke yon (1) minit Poste videyo an sou paj ou swa Facebook ,Twitter oubyen Tiktok Voye link post ou fè an sou email [email protected] Patisipe nan Live Facebook sou paj Dezyem Endepandans pou Anonsman 10 finalis yo Patisipe nan Final la ( si w pami 10 finalis yo)

Kijan pou Slogan an ye?

Slogan an dwe : Fasilman MOMORIZAB Fòk li fè APÈL a EMOSYON epi ADRESE piblik Dezyem Endepandans lan Fòk li MACHE AK IDEYOLOJI Dezyem Endepadans lan Fòk li METE MAK LA AN VALÈ fòk slogan ENTANPORÈL Fòk li DIFERANSYE Dezyem Endepandans de lot asosyasyon politik tradisyonèl yo Fòk slogan rasire moun yo.

Kijan prosesis vot lan ap ye?

Men prensip vot anliy yo : Yon view ====> 1 vòt Yon Like =====> 2 vòt Yon Love ====> 3 vòt Yon pataj ==== > 4 vòt Yon Komantè ===> 5 vòt Vòt piblik la/fan yo konte 100% pou semi final la. Vòt piblik la/fan yo konte 50 % pou final la. Lòt 50% se jiri a.

Ki moun ki responsab pwomosyon vot yo ?

Tout patisipan yo responsab pwomosyon vot yo. Se responsabilite patisipan an pou motive moun al like,comment, share, view videyo li poste an pou kalifye vot li.

Kisa k’ap pase si mwen pa voye link post videyo mwen an sou email [email protected] nan ?

Si w pa voye link post videyo w lan sou email ekip lan, nou pap ka verifye, kontwole vot ou. Ki vle di otomatikman w’ap diskalifye. Ou dwe voye link videyo ou poste an pou manm jiri yo verifye l.

Koman mwen kapab konnen m kalifye ou pa pou semi final lan ?

Jou semi final lan ekip manm jiri an ap fè yon Live sou facebook pou poste link post videyo 10 finalis ki gen plis LIKE, LOVE, VIEW, COMMENT yo sou paj ofisyèl facebook Dezyem Endepandans lan www.facebook.com/2zyem w’ap kapab verifye ou menm link post videyo sa yo pou konfime swa kalifikasyon w’ oubyen diskalifikasyon w’ nan konkou an. Enpotan : Pa bliye se responsabilite’w pou w voye link post videyo w lan sou email [email protected] lan, si’w pa voye’l otomatikman w’ap diskalifye.

Kilè Semi Final lan ap fèt ?

Semi Final lan ap fèt 23 oktob nan yon Live sou page Facebook Dezyem Endepandans lan www.facebook.com/2zyem . W’ap kapab jwenn plis enfomasyon sou koman pou w patisipe pandan dewoulman konkou an, toujou sonje vizite paj Facebook nou an pou jwenn enfomasyon yo.

Kilè ak kibo Final lan ap fèt ?

Final lan ap fèt 18 novanm nan yon gran lokal Kenskof. W’ap kapab jwenn plis enfomasyon sou kibo lokal lan ye pandan konkou an.

Ki prim y’ap bay ak konbyen moun k’ap genyen?

Se yon sèl moun k’ap gen pi gwo prim nan ki se yon LAPTOP MAC ak 50 000 goud pou premye finalis lan. Lot finalis yo ap jwenn divès lot kado ankourajman jou final lan.