KANAL ENDEPANDANS EKONOMIK PEYI DAYITI.

KANAL WANAMENT

Dezyèm Endepandans ap bay bourad pou pwojè revèy konsyans nasyonal sa ka tounen yon reyalite. Nou bezwen siman, nou bezwen fè, sable. Nou bezwen manje. Nou bezwen dlo. Anplis de sa, kanal la sèlman pap sifi. N ap bezwen konstwi yon gwo" baraj idwolik" k ap pèmèt nou estoke dlo nan moman difisil yo epi k ap pèmèt nou kontinye alimante lòt rivyè nou gen nan zòn nan.

KANAL WANAMENT LAN DWE YON PWOJÈ POU LEVALSYON YON KONSYANS NASYONAL.

Yon Kanal pou levasyon yon konsyans nasyonal

Wanament ap moutre nou yon revèy KONSYANS nasyonal posib nan peyi dAyiti. Se pou sa nou di: pandan ke popilasyon Wanament lan ak fouye kanal lespwa a, se pou moun Jeremie, Tigwav, Gonayiv, moun Okay elt, fouye kanal politik la. Se kanal politik la pou nou fouye, poun kapab konsolide ak anplifye kanal agrikòl yo. PM Ariel Henry se pi gwo danje pou kanal la. L ap konplote ak Dominiken pou vinn fèmen travay la. Yo pa vle nou jwenn endepandans vant nou. KOMITE a di non. Viv Kanal Wanament lan; Pou Endepandans vent nou. Aba Ariel Henry, k ap woule n debò pou fèmen kanal Wanament lan.

PLIS ENFO

Wanament ap moutre nou yon revèy KONSYANS nasyonal posib nan peyi dAyiti. Se pou sa nou di: pandan ke popilasyon Wanament lan ak fouye kanal lespwa a, se pou moun Jeremie, Tigwav, Gonayiv, moun Okay elt, fouye kanal politik la . 

Nouvèl

Gad Kisa k ap pase sou Facebook nou. 

SWIV NOU FACEBOOK ak YOUTUBE.