Byenvini Kay Dezyem nan!
Gras ak teknoloji entènèt, Komite Santral Dezyem nan etabli yon biwokrasi modèn, vityèl, global, e ki ka pote chanjman reyèl nan lavi moun an Ayiti. Nou fè sa atravè kolaborasyon nou tabli ak patenè ki sou teren an Ayiti, k ap travay nan sans ideyoloji Dezyem nan.
Misyon istorik nou nou se louvri bayè a pou Dezyem Endepandans peyi a. Ki vle di: sansibilizasyon, edikasyon ak rasanbleman tout nouvo patriyòt yo pou pote men pou fè travay Dezyem nan.
Chwal batay nou se tèt-ansanm. Paske, tèt-ansanm se sous fòs la.
YON EKIP SOLID POU DEVELOPMAN ANDOJÈN AYITI
DEZYEM ENDEPANDANS SON KOLABORASYON ANT AYISYEN AN AYITI AK AYISYEN LÒTBÒDLO. POU DEVELOPMAN PÈSPEKTIV TOU NÈF. POU REJUVENASYON KLAS POLITIK AYISYEN AN. POU DEVELOPAN DIRAB AK ANDOJÈN PEYI A.
NOU SE DEZYEM ENDEPANDANS
Headly Noel
Kòdonatè Jeneral
HEADLY P. NOEL, a.k.a Kòdo Papouch se nèg Tigwav, men ki grandi Kafou. Li son politològ ki fòme Ozetazini ak an Almay. Li gen yon Lisans an Syans Po ak Syans Ekonomik (UMass) ak yon Metriz an Ekonomi Aplike (Universität Humboldt zu Berlin). Kòdo Papouch renmen danse Rara ak Salsa.
Jonathan Perceval
Direktè Operasyon
Direktè Perceval se nèg Delmas, yon alum Univèsite Quisqueya, epi yon Alum òganizasyon ICANN nan zafè politik entènèt. Li son aktivis sou entènèt nan kesyon Dwa Moun ak Gouvènans Entènèt latravè ISOC Haiti Chapter. Jonthan tou se yon Atis ki konpoze mizik ak ekri tèks pwezi.
Naika Chevalier
Direktriz Biwo Kòb ak Finans
Madanm Chevalier se yon Kontab Piblik Agreye nan Leta Massachusetts ak Gorgia. Li etidye Finans nan Invès Boston Ozetazini. Madanm Chevalier se yon Chantè Evanjelik. Madanm Chevalier se yon Business woman. Li se Aktiv Kominotè nan Massachusetts. Li remen ale legliz chak semèn. Rèv li se pou Ayiti yon jou ta chanje.
Clovens Rateau
Biwo Teknoloji Enfòmasyon
Direktè Ratau se Nèg Baladè, Plato Santral. Li se yon Businessman, yon injenyè rezo infòmatik. L ap travay nan domèn teknoloji Enfòmasyon depi 2008. Li etidye Teknoloji Enfomasyon nan inivèsite Western Governors University nan Salt Lake City, Utah.
Direktè Ratau renmen al nan plaj, pase ti tan li ak fanmi l. Li renmen jwe Football, tande mizik konpa dirèk.
Jozèf Fèdinan
Direktè Biwo Etik ak Bon Lizaj
Direktè Ferdinand se nèg Kafou, yon Ayisyen natif natal. Li te kòmanse etid inivèsitè li nan domèn sikoloji nan Fakilte Syans Moun nan inivèsite Leta a. Aprè li t ap kontinye etid li nan de inivèsite Heildeberg an Almay. Depi 2018, li ap travay kom chèchè nan yon inivèsite an Almay nan domèn sikoloji de ledikasyon nan kad yon doktora! Direktè Ferdinand renmen danse Rara. Manje prefere l se Diri Lalo ak pwason boukanen.
Luder Providance
Direktè Kominikasyon Politik
Konseye Luder Providance se manm Direktwa Biwo Politik Dezyem Endepandans lan. Li se yon militan pwogresis inivèsitè, yon Sosyolojis ki fòme nan Inivsite Leta dAyiti. Konseye Providance se yon chèchè an Ekonomi-Politik nan Invèsite Karakas, nan peyi Venezuela. Konseye Providance renmen danse Petro, manje fritay ak mazonbèl.
Vica Rimpel
Diretris Zafè Sante ak Medsin Tradisyonèl
Madam Rimpel fèt Kafou. Li nan 4yèm ane Medsin nan Inivèsite Arizona. Li gon diplom an Bioloji (Atlantic Union College). Li gon metriz nan Laboratwa Klinik (Invèsite Massachusetts Lowell). Madam Rimpel se yon modis. yon aktivis pou dwa moun ak pou dwa zannimo yo. Li renmen manje mayi moulen ak Zaboka.
Berard Dorsainvil
Kòdonatè
Angajman Kretyen
Kòdonatè Berard se yon Pastè Legliz, yon Avoka; li se Chef de file Angajman Kretyen, ki son mouvman sivik Kretyen an dedan Dezyem Endepandans lan, ki baze Akayè. Kòdonatè Berard se yon manm fondatè mouvman Dezyem Endepandans lan. Li renmen jwe Football, manje fritay, boukanen manje sou pay ak zanmi. Li son fou dAmou pou mouvman Dezyem Endepandans lan.
TL Casimir Dorceus
Team Leader Aksyon Jenès Pyizan
TL DORCEUS se moun Komin Lachapelle. Li etidye Administrasyion Ekonomik ak Sosyal nan Lekòl Dwa Gonayiv (EDSEG). Li etidye Syans Agronomik nan Inivesite piblik Bas-Atibonit SenMak (UPBAS). TL Dorceus renmen jwe football. Li renmen Foot, Lekti ak Mizik Konpa. Manje prefere se Diri, sòs pwa ak lalo
Eunide Delima
Marketing & Design
Direktris Delima se moun Delat, sou Komin Tigwav. Li son spesyalist nan kominikasyon ak lenguyistik. Li pale Kreyòl, Angle, Franse ak Panyòl. Direktris Delima ap viv New York. Rèv li se retounen viv Ayiti. Direktris Delima se on modis, yon edikatris. Li renmen manje
Dr. Mombreuil
Direktè Akademik ak Rechèch Syantifik
Doktè Claudel Mombeuil fèt Petyonvil. Li fè tout klas primè li nan 'L'Ecole Communale de Pétion-Ville' ak klas segondè li yo nan 'Lycée National de Pétion-Ville. Mombeuil gen yon lisans nan jesyon (UEH (INAGHEI). Li fe yon MBA ak yon Doktora nan Management nan Inivèsite Taiwan (Lachin). Doktè Mombeuil renmen li. Li renmen tande mizik Twoubadou. Li renmen manje manje peyi.
Aubens Henker FERMINE
Direktè Entèlijans ak Zafè Jiridik
Direktè Aubens Henker FERMINE grandi Delmas. Li se prezidan United Nations Association of Haiti ( UNA Haïti ). Direktè FERMINE etidye Dwa ak adminstrasyon ekonomik ak Sosyal nan inivèsite Leta ak Inivèsite Queensland. Li chaje eksperyans nan travay ak oganizasyon etranje nan domèn edikasyon, sante, agrikilti , enviwomnan , spò, dwa moun. Direktè Fermine renmen danse Konpa, mannje fritay.